Quatre artistes de FOLIE OUVERTE exposent du lundi 17 octobre au mercredi 19 octobre 2011, lors du colloque d’Action Aid au Karibe Convention Center de 8 heures à 17 heures.
4 jeunes peintres du mouvement intitulé "Folie Ouverte" se sont emparés du thème de la RECONSTRUCTION pour créer 15 oeuvres. Islande Henry, Walgens Pierre Jean, Patrick Lafontant et Vladimir Pascal se sont réuni à APROSIFA pour s'exprimer autour de ce thème et leurs oeuvres sont exposées dans le cadre du colloque sur le reconstruction organisé par Action Aid.
12 janvye 2010 tounen dat renesans peyi Dayiti malgre anpil soukous li pote nan lavi chak grenn ayisyen. Chak grenn ayisyen pa konprann koze renesans peyi Dayiti a menm jan menm si yo tout kwè 12 janvye dwe soti Ayiti anba dekonb pou limyè jayi sou chimen yon lot kalte peyi. Kidonk, 12 janvye fè konsèp rekonstriksyon tounen yon refren nan bouch tout moun san se pa nou tout ki rive deplotonnen sans ak valè mo sa a. 4 jèn pent Folie Ouverte pran inisyativ pou bay dizon yo sou jan yo konprann sans mo rekonstriksyon an: Islande Henry, Walgens Pierre Jean, Patrick Lafontant, Vladimir Pascal reyini nan atelye yo nan APROSIFA pou penn 15 twal 50 pa 70 pous pou yo sa eksprime dizon sa a. Yo apresye envitasyon ACTION AID lanse yo pou yo vin patisipe nan kolok 17-18-19 oktob la ak 15 twal sa yo. Nou remèsye espesyalman M. Ghemps Desauguste ki ban nou opotinite pou n vin sansibilize tout patisipan kolok la sou dimansyon konsèp rekonstriksyon an. Ko m noumenm 4 jèn pent sa yo grandi nan Kafou Fèy, nou chwazi katye sa a kom referans sijè nou penn yo pou rive atire atansyon piblik la sou modèl rekonstriksyon nou vle pou Kafou fèy. Ann pale de Rekonstriksyon lavi Anne pale de Rekonstriksyon Mantal Pa gen Rekonstriksyon san patisipasyon fanm ak Andikape Ann pale de Rekonstriksyon sosyal Ann pale de edikasyon liberasyon sou chimen rekonstriksyon an
Dans la même rubrique :
|
|
|
|
Identité visuelle et réalisation du site : Jean-François Charlot
|
||






